Vantilatè [Kanaval 2017]-Master Luck

Genre-Kanaval
Year-2017
Nou chak fè yon ti pil
Pakèt pale anpil
Sosyete a divize
Nou s’on vantilatè
Toujou menm pawòl yo nap tande
Nan farin yap woule nou
Nou plede vire tribò pa bò
Pou nap chache bon bò

[Chorus]
Limenna yo kanpe sou bay bil
Lavi chè ti blòdè pil sou pil
Pwofesyonèl yo oblije trankil
Yo pa ka entegre
Pa menm genyen anplwaye
Politisyen yo ap bay pawòl
Lago lago ti sengle plen bòl
Menm toto oblije ap ba w kontwòl
Bayay yo dejenere
Se sousi kap kontre

[Chorus]
Vantilatèèèè !! vantilatèèèè !! (bis)

Nou rive nan yon moman
tout jèn ap kouri pati
Yo ale chili,lage yo brezil
Ak yon sèl misyon
pou yo al chache lavi
Lè yo rive yo pantan
Franchman yo pito peri
Yo imilye yo
Wi yo pran prizon
Yo maltrete yo
Gen sa tou bèt manje yo
Ou ki dakò rete a se pa pi byen ou pi byen
Ou ki dakò rete a se paske w manfouben (bis)
Siklòn matthew pase
Se pa de nèg ki anrichi ladan l’
Yo pote èd la bay moun yo
Yo fè foto yo
yo pibliye yo
Gaye l’ nan nouvèl
Ou ki dakò rete a se pa pi byen ou pi byen
Ou ki dakò rete a se paske w manfouben (bis) Chorus
Oooo ! vantilatè ! oooo ! pa kite yo vantilatè ou !


Grate gòj ou twòp vantilatè - heytyèmm !!!
Grate gòj ou nèg yo bay twòp manti - heytyèmm !!! (bis)
Ooh wi lavi ti pèp la pral chanje - heytyèmm !!!
Aaah n’abitye tande sa déjà - heytèymm !!!
Mas defavorize pral jwenn travay - heytyemm !!!
Moun ap vantilatè moun tout kote

Repeat chorus – oooo ! vantilatè

Ou pale de rezilta ! - wap pran sanksyon !
Si w ta vle kraze brize - wap pran sanksyon !
Vin tire wòch nan knaval - wap pran sanksyon !
E si a ta deranje w - wap pran sanksyon !

[Chorus]
Pa kite moun vantilatè nou
Se nan tèt nou pou n’ kwè
Pa bay patwon vantilatè nou
Se lekòl pou n’ ale
Manager vantilatè m’
Pwomotè vantilatè m
Komite vantilatè m’
Direktè vantilatè m’
Mesi Bondye sèl fanatik yo ki pa janm vantilatè m’
Vantilatè ! gad’on vantilatè !

Grate gòj ou twop vantilatè - heytyèmm !!!
Grate gòj ou nèg yo bay twop manti - heytyèmm !!!
Majorite pèp la nan blackout - heytyèmm !!!
Nap gentan jere sa - heytyèmm !!!
Tout jounen aksidan sikilasyon - heytyèmm !!!
Nap gentan jere sa - heytyèmm !!!
Moun ap mouri koz ensekirite - heytyèmm !!!
Nap pale nap pale nap pale
Manti w fè manti w fè manti w fè

Pa kite moun vantilatè nou
Se nan tèt nou pou n’ kwè
Pa bay patwon vantilatè nou
Se lekòl pou n’ ale
Manager vantilatè m’
Pwomotè vantilatè m
Komite vantilatè m’
Direktè vantilatè m’
Mèsi Bondye sèl fanatik yo ki pa janm vantilatè m’
Vantilatè ! gad’on vantilatè !